Nòt pou laprès : AGERCA, ansanm ak patnè li DGPC, sipòte bezwen kowòdinasyon pou kominote entènasyonal

Alyans pou jesyon ris ak kontinite aktivite yo (AGERCA) se reprezantan sektè prive a ak sosyete sivil la nan Sistèm Nasyonal Jesyon Ris ak Dezas (SNGRD) ap kontinye fè tout jefò pou kontribye nan faz repons lan aprè tranblemann tè 14 dawout la ki te frape zòn Sid peyi dayiti a. Sant Operasyon Ijans Nasyonal la (COUN) se yon estrikti anndan SNGRD a.

Tranblemann tè a afekte dirèkteman anviwon 690,000 moun, sa ki reprezante 40% popilasyon twa depatman ki afekte yo (Grandans, Nip, Sid).

Anplis mobilizasyon nan nivo lokal la, AGERCA, ansanm ak patnè li Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil (DGPC), sipòte bezwen kowòdinasyon kòm yon pati nan repons lan pou kominote entènasyonal la lè li fasilite ranmase ak transpò èd imanitè nan men dyaspora ayisyen soti Ozetazini pou rive Ayiti gratis nan jou pou soti 17 rive 22 septanm 2021.

Depi nan kòmansman repons lan, AGERCA ak DGPC ap travay ak platfòm “ONE Diaspora” ki reyini anpil òganizasyon nan dyaspora ayisyen an pou pèmèt yon pi bon kowòdinasyon repons lan nan moman ijans yo. Nou mande tout òganizasyon ayisyen pou yo enskri nan platfòm “ONE DIASPORA” a pou yo pote sipò yo ak fasilite yon pi bon kowòdinasyon ak pi bon jesyon pou èd yo rive jwenn viktim yo.

AGERCA pwofite okazyon sa a pou envite yon lòt fwa ankò tout kominote dyaspora ayisyen Ozetazini an jeneral pou montre solidarite ak viktim tranblemann tè sa a. Nap resevwa don yo nan 2 adrès SHIPPEX ki anba yo avèk yon etikèt AGERCA / DGPC. Don sa yo pral distribye nan 3 depatman yo anba kowòdinasyon AGERCA ak Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil (DGPC).

SHIPPEX MIAMI
Adrès
: 8441 NW 68th st, Miami, FL 33166
telefòn : +1 786 318 7029

SHIPPEX NEW YORK
Adrès
: 136 N. Main st, Spring Valley, NY 10977
Telefòn : +1 845 598 0726

Inisyativ sa a jwenn gwo sipò SHIPPEX ak ENMARCOLDA / CROWLEY.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *